Osceola Prosper

Frequently Asked Questions

Kreyòl ayisyen

Ki sa Osceola Prosper ye?
Osceola Prosper se yon kado ekstrawòdinè Osceola County Commissioner ap bay elèv ki gradye lekòl segondè nan Osceola County nan lane 2023 a!  Li kouvri ekolaj ak lòt depans lekòl (apre tout sibvansyon oswa bous detid yon etidyan resevwa) nan Valencia College oubyen nan Osceola Technical College (OTECH) jiska gradyasyon yon etidyan oubyen fen etid li.

Ki sa pwogram Osceola Prosper a peye?
Osceola Prosper peye pou ekolaj ak lòt depans lekòl (apre tout sibvansyon oswa bous detid yon etidyan resevwa) nan Valencia College oubyen nan Osceola Technical College (OTECH) jiska gradyasyon yon etidyan oubyen fen etid li

Kiyès ki kalifye pou pwogram Osceola Prosper a?
Tout elèv ki gradye nan lekòl segondè nan Osceola County nan lane 2023 a! Pa gen okenn lòt kondisyon pou kalifye pou Pwogram Osceopla Prosper a. Anplis, Valencia College ak Osceola County Technical School ap aksepte tout elèv ki gradye lekòl segondè nan Osceola County. Ou pa bezwen ni GPA ni nòt pou tès pou fè demann antre oswa pou yo aksepte ou nan Valencia College.


Èske mwen dwe gen yon sèten GPA oswa nòt nan tès pou mwen kalifye?
Non. Ou pa bezwen ni GPA ni nòt pou egzamen pou w kalifye. Si ou gradye nan lekòl segondè nan Osceola County an 2023, ou tou bon!


Ki lekòl segondè k ap patisipe?
Yo tout. Tout elèv ki diplome nan lekòl segondè nan lane 2023 nan lekòl piblik, lekòl endepandan (charter), ak lekòl prive nan Osceola County ka patisipe, epi elèv ki gradye nan lane 2023 e se lakay yo te fè segondè (homeschool) kalifye tou.


Paran m te fè lekòl avè m lakay mwen, men mwen abite nan Osceola County. Èske mwen kalifye?
Wi. Osceola Prosper ouvri pou tout elèv lekòl piblik, lekòl prive ak lekòl lakay nan Osceola County ki fè pati pwomosyon lekòl segondè ki gradye nan lane 2023 a.


Mwen se yon elèv ki enskri nan klas segondè epi nan kolèj an menm tan. Èske mwen kalifye?
Wi. Elèv Osceola ki nan klas tèminal ki ap pran kou nan kolèj epi ki gradye lekòl segondè nan lane 2023, kalifye pou Osceola Prosper.


Si mwen gen yon Sètifika Akonplisman, èske mwen kalifye pou Osceola Prosper?
Wi. Gen opsyon ki disponib pou w arive satisfè kondisyon yo pou vin gen diplòm epi vin kalifye nèt pou pwogram nan. Pa egzanp, elèv ki gen Sètifika Akonplisman W8A a ka repran egzamen nan matyè patikilye kote yo poko fè nòt pou pase a. Resevwa yon GED se yon lòt fason pou vin kalifye nèt. Nou ankouraje ou rankontre ak yon konseye oryantasyon pou jwenn plis enfòmasyon sou opsyon ou genyen yo.


Èske elèv ki genyen GED kalifye pou Osceola Prosper?
Elèv ki genyen GED ki fè pati pwomosyon 2023 a nan Osceola County epi ki resevwa GED yo a anvan kou yo kòmanse nan prentan 2024, y ap konsidere yo fè pati Pwogram Osceola Prosper a.


Mwen pa yon sitwayen Ameriken – oubyen mwen se yon elèv ki pa gen papye oubyen yon elèv DACA. Èske mwen kalifye?
Wi. Nou ta byen kontan wè w enskri nan pwogram nan.


Èske valè kòb fanmi mwen fè konte pou m antre nan pwogram nan?
Non, pa gen okenn kondisyon sou valè kòb yon fanmi fè. Pwogram nan ouvri pou tout elèv ki gradye lekòl segondè nan Osceola County nan lane 2023.


Si mwen gen bous Bright Futures, èske m ap toujou kalifye pou pwogram Osceola Prosper a?
Wi. Men sa k pral rive si w gen bous Bright Futures, oswa lòt kalite bous oswa èd finansye: N ap chèche konnen si rete yon balans pou fin peye tout ekolaj la ak lòt depans lekòl ou yo apre bous la ak èd finansye yo. Si genyen yon balans, pwogram Osceola Prosper a ap peye rès la.


E si m pa vle itilize Florida Prepaid mwen?
Si w gen Florida Prepaid e w pa vle Valencia College itilize l, ou kapab mande pou Valencia pa itilize l. Ranpli epi siyen  fòm otorizasyon sa e retounen l nan biwo biznis la avan dat delè peman an.


Si m kalifye pou èd finansye Pell Grant la, èske m ap toujou kalifye pou pwogram Osceola Prosper a?
Wi, ou kalifye. Ou ka patisipe nan Osceola Prosper menm si ou gen Pell Grant. Men sa k pral rive si ou kalifye pou Pell Grant oswa pou lòt kalite bous oswa èd finansye: N ap chèche konnen si rete yon balans pou fin peye tout ekolaj la ak lòt depans lekòl ou yo apre bous la ak èd finansye yo. Si genyen yon balans, pwogram Osceola Prosper a ap peye rès la.

Kijan pou mwen mande patisipe nan Osceola Prosper?
Pa gen okenn demann apa pou Osceola Prosper. Si w gradye lekòl segondè nan lane 2023 nan Osceola County, suiv 2 etap sa yo pou w patisipe:

  • Mande antre nan Valencia College oubyen nan Osceola Technical College, suiv tout etap enskripsyon lekòl sa yo, epi enskri pou omwen yon kou, oubyen pou yon pwogram fòmasyon pwofesyonèl rapid, oubyen pou yon Pwogram Teknik Osceola pou Ete 2023 a, Otòn 2023 a oubyen Prentan 2024 la.
  • Ranpli fòmilè FAFSA* 2023-24 la (Fòm Gratis Demann Èd Federal pou Etidyan) anvan 15 jiyè 2023 (pou enskripsyon otòn) oswa anvan 1ye desanm 2023 (pou enskripsyon prentan). Si w pa kalifye pou w ranpli FAFSA a akòz sitiyasyon imigrasyon ou oubyen lòt pwoblèm, w ap gen opsyon pou w di nou sa, epi n ap fè w konnen sa pou w fè annapre.

*FAFSA se yon fòm etidyan ranpli pou yo jwenn èd nan men gouvènman federal ameriken an pou peye pou kolèj. Chak ane, gen plis pase 10 milyon etidyan ki ranpli FAFSA a epi yo resevwa plis pase 100 milya dola nan men Depatman Edikasyon Etazini pou depans kolèj.


Mwen bezwen èd pou m ranpli FAFSA a ak demann nan. Ki kote pou m ale?
Pral gen atelye nan kanpis Valencia College ki Osceola, Poinciana, ak Lake Nona nan mwa k ap vini yo pou ede w ranpli Fòm Gratis Demann Èd Federal pou Etidyan (FAFSA a) ak demann admisyon an. Epi tou n ap planifye atelye nan lekòl segondè Osceola yo – veye pou plis enfòmasyon. Ou ka gade tou resous sou entènèt sa yo pou ede ou ranpli FAFSA a. Epi tou nou tou pare pou n ede w, si w gen kesyon. Annik telefone nou nenpòt jou depi nan Lendi rive nan Vandredi ant 8:00 a.m. ak 10:00 p.m. epi Samdi oswa Dimanch ant 9:00 a.m. ak 5:00 p.m. nan 407-582-1507 oubyen voye yon imèl ban nou nan osceolaprosper@valenciacollege.edu.


Mwen deja mande antre nan Valencia College pou Otòn 2023 a. Èske m bezwen fè lòt bagay pou m kalifye?
Si ou deja fè demann antre nan Valencia pou Otòn nan, ou pral sèlman bezwen:

  • Enskri pou omwen yon kou, oubyen pou yon pwogram fòmasyon pwofesyonèl rapid, oubyen pou yon Pwogram Teknik Osceola pou Ete 2023, Otòn 2023 oubyen Prentan 2024.
  • Ranpli fòmilè FAFSA* 2023-24 la (Fòmilè Gratis Demann Èd Federal pou Etidyan) anvan 15 jiyè 2023 (pou enskripsyon otòn) oswa anvan 1ye desanm 2023 (pou enskripsyon prentan). Si w pa kalifye pou w ranpli FAFSA a akòz sitiyasyon imigrasyon ou oubyen lòt pwoblèm, w ap gen opsyon pou w di nou sa, epi n ap fè w konnen sa pou w fè annapre.

Met sou sa, gade pi ba a pou konnen sa ou ka fè pou prepare w pou w reyisi premye semès ou nan kolèj.


Kijan pou mwen rete enskri nan Osceola Prosper?
Pou w kontinye kalifye pou Osceola Prosper jiskaske w fini pwogram ou an (AA, AS, Sètifika Teknik, fòmasyon pwofesyonèl rapid (AST) oubyen pwogram OTECH), w ap bezwen:

  • Ranpli yon FAFSA chak ane, pou nou ka detèmine si w kalifye pou sibvansyon federal ak bous detid.
  • Kenbe menm elan an. Sa vle di fini avèk omwen 12 èdtan kredi pou chak ane akademik (ki gen ladan semès otòn, prentan ak ete yo). Sa pral pèmèt ou pwofite diplòm ou resevwa a/pwogram ou fini an lepli vit posib. Pou yon pwogram fòmasyon pwofesyonèl rapid oubyen yon pwogram OTECH, kenbe menm elan an vle di pou w toujou prezan nan kou yo epi pou w kontinye ap fè pwogrè jiskaske ou fini pwogram nan.
  • Toujou voye je sou GPA ou (Mwayèn Jeneral). Si GPA ou desann pi ba pase 2.0, nou pral kontakte w pou n ede w. Si GPA ou tonbe pi ba pase 2.0 pou kat semès youn apre lòt, ou p ap kalifye ankò pou pwogram Osceola Prosper a.
  • Rete nan kou ki obligatwa yo pou pwogram ou an. Osceola Prosper ap peye sèlman ekolaj ak frè pou kou ki obligatwa pou pwogram diplòm oubyen pwogram sètifika ou te chwazi a.
  • Planifye pou w fini disi Ete 2028. Se dènye semès ou pral resevwa lajan Osceola Prosper pou ede w gen diplòm ou a, sètifika ou, oubyen fini pwogram fòmasyon ou an. Etidyan ki nan yon pwogram fòmasyon pwofesyonèl rapid oubyen nan yon pwogram OTECH oblije fini pwogram lan nan tan yo bay pou kou a oubyen pou pwogram nan.

Ki pwogram nan Valencia ki fè pati Pwogram Osceola Prosper a?
Tout pwogram dezan etid nan lèza (Associate in Arts), dezan etid nan syans (Associate in Science), sètifika teknik, oswa pwogram fòmasyon pwofesyonèl rapid (Accelerated Skills Training) Valencia College ofri, nan nenpòt nan kanpis ak lokal nou yo. Klike sou lyen sa yo pou wè ki opsyon ou genyen:


Èske m ka pran kou nan nenpòt kanpis oswa lokal Valencia?
Absoliman! Epi sonje Valencia gen 7 kanpis ak 5 Sant Fòmasyon Rapid. Klike isit la pou jwenn yon ti jan plis enfòmasyon sou yo chak.


Èske m oblije enskri nan yon pwogram dezan etid pou m kalifye?
Non. Pwogram Osceola Prosper a pral kore plizyè opsyon: nenpòt nan pwogram dezan (Associate in Arts, Associate in Science), Sètifika Teknik, oswa pwogram fòmasyon pwofesyonèl rapid (Accelerated Skills Training) Valencia College yo, oubyen pwogram fòmasyon teknik yo nan Osceola Technical College.


E si mwen pa konnen si mwen vle pran yon diplòm sou dezan oubyen si mwen vle enskri pou fòmasyon teknik byen kout?
Pa gen pwoblèm ditou – epi nou pral ede w! Chak etidyan ki kalifye pou Osceola Prosper ka enskri pou y al vizite yon kanpis Valencia, kote yon ekip Gid Osceola Prosper pral esplike w ki opsyon ou genyen pou diplòm ak sètifika. Kòm etidyan Osceola Prosper, ou pral resevwa sipò konseye oryantasyon w lan ki va ba w konsèy sou karyè ak nan chwazi nan ki kou pou w enskri.


E si objektif mwen se pou m genyen yon diplòm lisans nan Valencia?
Fantastik! Osceola Prosper ap bay ekolaj epi peye lòt depans lekòl pou dezan etid nan lèza (Associate in Arts), dezan etid nan syans (Associate in Sciences), sètifika teknik, oswa pwogram fòmasyon pwofesyonèl rapid (Accelerated Skills Training). Epi konseye oryantasyon w lan ka ede w idantifye chemen k ap pi bon pou w jwenn diplòm lisans ou chwazi an.

Aprè ekolaj, ki lòt bagay pwogram Osceola Prosper a kouvri?
Pwogram nan peye pou tout rès ekolaj ak depans pou lekòl aprè ou fin sèvi ak sibvansyon oswa bous detid. Sa vle di, lè ou ranpli FAFSA a, n ap verifye si w kalifye pou nenpòt sibvansyon oswa bous detid eta oswa federal. aprè sa, Osceola Prosper va peye pou sa ki rete a.


Kijan Valencia pral ede m reyisi?
Ou pral gen konseye oryantasyon pa w, kontak pèsonèl ou avèk kolèj la, avèk sèvis yo, ak yon eksperyans global avèk kanpis la. Konseye oryantasyon w lan va gide w lè ap chwazi ki pakou edikasyon w ap pran, lè w ap chwazi nan ki kou pou w enskri, eksetera. Nou disponib nan telefòn epi pa imèl tou. Telefone nou nan 407-582-1507 nenpòt jou depi nan Lendi rive nan Vandredi ant 8:00 a.m. ak 10:00 p.m. epi Samdi oswa Dimanch ant 9:00 a.m. ak 5:00 p.m. oubyen voye yon imèl ban nou nan osceolaprosper@valenciacollege.edu.

Epi tou, menm jan ak tout etidyan Valencia College, w ap jwenn tout yon seri èd tankou:

  • Leson patikilye anliy ak an pèsòn epi sèvis pou ede w ekri
  • Konsèy pou ede w reyisi epi pou asire ou pran kou ou bezwen pou gradye
  • Sèvis karyè ki pou ede w egzaminen diferan chwa ak pakou karyè ki genyen yo
  • Sèvis konsèy sikolojik, tankou sipò mantal gras a BayCare
  • Paw Pass, transpò Lynx gratis pou chak semès ou enskri
  • Gadmanje etidyan, sèvis bank manje ki adispozisyon w gras a patenarya avèk Second Harvest

Kijan mwen ka prepare m pou m reyisi pandan premye semès mwen nan kolèj?
Patisipe nan Aktivite Osceola Prosper yo epi Pran Kontak avèk konseye oryantasyon w lan Valencia College pral ofri plizyè aktivite ak atelye pou etidyan Prosper yo pandan prentan an ak ete a. Rete alekout pou plis ransèyman sou sit wèb sa a, epi lè ou fin fè demann ou an, sou imèl Valencia w lan. Konseye oryantasyon w lan va pale w tou de chans pou w fè konesans avèk etidyan ki va kondisip ou avèk moun ki va pwofesè w, epi li va mete ou an kontak avèk kolèj la–tankou pou w al vizite kanpis yo.

Kòmanse Gade Ki Opsyon Edikasyon Ou Genyen

Si ou pa sèten ou vle al nan yon pwogram diplòm sou dezan oubyen pran yon fòmasyon teknik byen kout, sèvi ak lyen sa yo pou w wè ki opsyon ou genyen:

Aprè sa, lè w rankontre ak konseye oryantasyon w lan, w ap ka poze kesyon pi detaye

Made possible by
Osceola County School District
Frequently Asked Questions

For More Information

407-582-1507

Standard Hours

Monday – Thursday: 8am – 10pm ET
Friday: 9am – 10pm ET
Saturday and Sunday: 9am – 5pm ET

Spring Break Hours

Monday – Friday: 8am – 5pm ET
Saturday and Sunday: 9am – 5pm ET

Holiday Hours

During the closure, you can call between 9am - 5pm for general assistance any day except Christmas Eve, Christmas Day, New Year’s Eve and New Year’s Day.

Holiday Hours

Wednesday: 8 am - 5 pm ET
Thursday: Closed
Friday: 8 am – 5 pm ET
Saturday: 9 am – 5 pm ET
Sunday: 9 am – 5 pm ET